BROCHURE CD: THE GOSPEL GPS GROUP
(CD1: Men mwen zanmi, kote ou ye?)
kONPOZISYON E MIZIK: TERCIUS BELFORT ak Group GPS la
I. Men mwen zanmi, kote ou
Men mwen zanmi, men mwen, kote ou ye? Gen lontan map chèche w, mwen pa wè ou. Pouki sa ou kache, pouki sa ou pati ? Kote ou ye, zanmi, kote w ou ye? Gen lontan map chèche w, pou nou ale fete. Kote ou ye zanmi, vin avè m.
1) Men map gade ou an fas mwen. Se kòm si mwen pa wè ou. Tèlman m santi ou gen pwoblèm. Pa kite yo pote w ale.
2) Kote nou ye nan lavi sa a. Li fasil pou n anfouye. Si n pa lite ak pwoblèm yo. Yo kapab pote n ale.
3) Jan bagay yo pa nan plas yo. N oblije ap reflechi. Si n pa fè anpil atansyon, pwoblèm ka banou tansyon.
4) Si sa k nan tèt nou te nan pye nou. Nou pa ta kapab mache. Fò nou pa rete nan lalin. Nou dwe gen pye nou sou tè.
5) Yo di premye so se pa so. Si n tonbe fò nou leve. Si nou genyen anpil pasyans. N a rive wè trip foumi.
6) Olye n chita ape kriye. Ann leve ale fete. Bondye pat fè n pou lamizè. Lavi nou kapab pi bèl.
7) Lavi n sou tè sa si tèlman kout. Se pasaje nou tout ye. Pa kite chagren fin touye nou. Annavan, leve mache.
II. Ann ale nou tout kretyen
Ann ale nou tout kretyen //Youn pa youn oubyen an gwoup //Ann reyini kay Papa nou //Pou adore, selebre.//Nan kay sakre a n rankontre//Pou n pataje Bòn Nouvèl la.//E se chak jou n dwe kontinye//Viv sa nou te aprann.
1. Nou konnen byen kijan nou tout nou fèb// Se toutan nap kontinye fè peche//Se legliz la lè nou tout rasanble//Pou n mande Bondye padon.
2. Fò nou chita byen trankil an silans//Pou nou koute mesaj bòn nouvèl la//Prèch ak kòmantè yo va ede n plis // Byen konprann pawòl Bondye a.
3. Lè n fin patisipe nan lamès la//Nou dwe ale viv tout bèl pawòl yo//Nou dwe ale pataje mesaj la//Si n pa fè sa se wòch yo kap pale.
4. Se pou n kite pawòl Bondye grandi//Se pou n kite pawòl Bondye donnen//N a rekonèt nap travay tout bon vre //Lè nap fè tout sa ki bon.
III. Ann touye estrès anvan estrès touye nou
Lavi se yon travay pou n fè ak de men. Nou pa dwe kite emosyon anvayi n. Se pou n pran responsablite n. Pou nou lite jouskobou. Ann touye estrès anvan estrès touye nou.
1) Lavi pat janmen fasil. Gen pwoblèm sou wout nou. Fò n aprann jere yo byen. Si nou vle avanse.
2) Pwoblèm fanmi, pwoblèm pwochen. Mete ak pwoblèm pa nou. Fè nou pa ka menm souri. Tout sa fè nou mal pri.
3) Tout pwoblèm nan lavi a. Konn fè n pèdi kontwòl. Estrès, tansyon, sik, kolesrewòl. Fò n ka kontwole yo.
4) Nou dwe mèt pantalon n nan tay nou. Boukle sentiwon nou. Ranje kaskèt nou ak bòt nou. Pou n fè travay lavi.
5) Si gen plis moun kap fè byen. Mal pa ka triyonfe. Nou dwe fè byen toupatou. Pou mal ka diminye.
IV. La mission chrétienne
Mon Dieu, fais de moi, le défenseur des pauvres et des opprimés.
Mon Dieu, fais de moi, le bâtisseur d’amour et de liberté.
1. Ceux qui, dès leur naissance, sont devenus orphelins. Ceux qui, de toute leur vie, n’ont connu que chagrin. Fais de moi, leur défenseur.
2. Ceux qui, par leur couleur, sont jugés inférieurs. Ceux qui, par leurs valeurs, n’ont connu que douleur, fais de moi, leur défenseur.
3. Pour les tout petits, méprisés bien d’avance. Soit de par leur beauté, leur métier ou leur chance, fais de moi, leur défenseur.
4. Pour ceux qui sont victimes par les plus haut placés. Pour tous les malheureux, les ans abris, les affamés. Fais de moi leur défenseur.
5. Ceux qui sont incompris, oubliés, maltraités. Pour tous les prisonniers, les malades et les mourants. Fais de moi leur défenseur.
6. Pour tous les haïtiens, petits et grands, hommes ou femmes. Afin qu’ils soient heureux dans le Seigneur pour toujours. Fais de moi leur défenseur.
V. love U ma’m
Mother, O my dear mother. I love you with my heart. You can’t believe how I love you. So please, count on my love.
1) I know you love. I know you love me so much. Your love drives me. Your love drives me to love you more and more. Love can be paid. Love can be paid only but by love. So please count on my love.
2) Because today. Because today is a mother’s day. I am wishing. I am wishing. several good things for you: Health, peace, money. Health, peace, money, and divine mercy. The others will follow.
3) All day all night. You are on duty, to please the family. Without you, the family would be incomplete. You are the spirit and the motor of the society. You deserve all my love.
VI. Ayiti, m paka bliye w
Ayiti peyi zantray mwen. Mwen pap janm kapab bliye ou. Malgre nan kondisyon w ye la. Lanmou m debòde pou ou. Rèv mwen se pou jwenn limyè. E menm yon bon GPS, pou w kapab jwenn wout ou dwe suiv. Pou rive nan devlopman an.
· Mwen sonje nan tan lontan an. Yo te rele ou Kiskeya, Ayiti ou Boyo. Non sa yo te g anpil sans. Men lè kolon debake, tout bagay te vin chanje.
2. Pou yo te fini ak lesklavaj. Zansèt nou yo te goumen ak blan. Nou te pran endepandans nou. Lemond antye te sezi. Libète, egalite, fratènite tout se deviz nou.
3. Menm apre endepandans lan. Ayiti nan tèt chaje. Se koudeta sou koudeta. Se kout ba toupatou. Enzireksyon ak revolisyon tounen pen kotidyen nou.
4. Ayiti gen vandredi sen. Men l poko gen dimanch pak li. Chak viktwa tounen yon lòt kwa. Yon pèpetyèl rekòmansman. Nou poko jwenn rasin mal nou. Alewè pou nou ta rezoud yo.
5. Peyi nou gen anpil divizyon. Se yon peyi koze depaman. Kote sa ki legal pa reyèl, e sa ki reyèl pa legal. Pou Ayiti nou divize. Menm jan n divize pou relijyon.
6. Peyi n tankou yon panye koule. Kote nap vide dlo anven. Lè nap kòde lòt ap dekòde. Lè nap konstrui lòt ap detui. Ènmi n yo kapab lòtbò dlo. Men pi gwo ènmi nou se nou menm menm.
VII.Annou rasanble otou tab la
1. Li ban nou kò l, pou nou manje. Se yon manje, ki san parèy. Se sa l te fè, jou jedi sen an. Se pen sila a. Kap pèmèt nou genyen lavi.
Annou rasanble nou tout. Otou tab kominyon an. Pou nou kab manje e bwè. Kò ak san li. Se li menm ki te di nou. Fò n repete mèvèy sa. Nou dwe ret kole sou li. Pou n gen lavi.
2. Li ban nou san l, pou nou kab bwè. Se yon bwason, ki san parèy. Se sa l te fè, jou jedi sen an. Se bwason sila.
Kap pèmèt nou genyen lavi
3. Li ban nou kò l, pou nou manje. Li bannou san l, pou nou kap bwè. Bankè sila, pa gen parèy. Se kò l ak san l.
Kap pèmèt nou genyen lavi
4. Pou manje sa, pou bwason sa. Fò n di l mèsi ak tout kè nou. Li te pwomèt lap avèk nou. Toutan gen tan. Li se alfa e omega.
VIII. Cantemos a Dios en todos idiomas
Español
Cantemos a Dios en todos idiomas. No importa el tipo de música. No importa el rincón de la tierra. Porque hizo maravillas. Merece gloria en todas circunstancias. En lo bueno o en lo malo. No sabemos lo que hizo por nosotros
Porque no hay nadie como El.
Kreyòl
Se pou nou fè lwanj pou Bondye nan tout lang. Se pou n lwanje l ak tout kalite mizik. Se pou n chante l nan tout peyi sou latè. Paske l toujou fè mèvèy. Li merite louanj nan tout sikonstans. Menm lè sa bon, menm lè sa pa fin bon nèt.
Nou pa ka fin konte tout sa l fè pou nou. Paske l san parèy.
English
Let us sing for God in all languages. Let us do it by using any music. At any place where we are in the world. Because He is marvelous. To Him glory in any circumstances. Whether we are in good or bad condition. We do not know all He has done for us. Because we can’t compare Him.
Français
Chantons-nous gloire à Dieu dans toutes les langues. Utilisons-nous n’importe quelle musique. Peu importe là ou nous sommes dans le monde. Parce qu’Il a fait des merveilles. A lui la gloire en toutes les circonstances. Dans les bons et dans les mauvais moments. Nous ne savons pas tout ce qu’Il a fait pour nous. Parce qu’Il est incomparable.
IX. Apprends-moi Seigneur l’ABC de l’amour
Apprends-moi, Seigneur, l’abc de l’amour.
Montre-moi, O Mon Dieu, le chemin du salut. Je veux bien t’aimer, et mon âme te salue. Permets que, de toujours, je me serve d’amour.
1-Quand je veux parler, tu peux m’aider. Quand je veux agir, me contrôler. Quand je veux marcher, me guider. Quand je veux parler, me dicter. Apprends-moi l’abc du juste milieu. Apprends-moi, l’abc de te servir mieux.
2-Quand je suis tombé, tu peux m’aider. Quand je suis en colère, me calmer. Quand je suis méchant, me corriger. D’une mauvaise pensée, me détourner. Apprends-moi, l’abc d’aimer, de bien faire. Apprends-moi, l’abc de gérer ton affaire.
3- Quand je suis honoré, sois avec moi. Quand je suis rejeté, accueille-moi. Quand je suis accusé, délivre-moi. Quand je suis devenu faible, fortifie-moi. Apprends-moi, l’abc de tout pardonner. Apprends-moi l‘abc de toujours pardonner
X. Fò n chante
Fò n chante, o wi fò n chante. Pou tout mèvèy Bondye fè. Fò n rele, o wi, fò n rele. Si n pa vle parèt engra.
· Lè n gade, tout sa l kreye. Lè n tande, tout sa l konn fè. Lè n konprann, li san limit. Fò n chante, fò n temwaye. Fò n chante.
· Lè n gade, fèy bwa souke. Lè n tande zwazo chante. Lè n koute, briz van soufle. Fò n chante, fò n temwanye. Fò n temwanye.
· Li se alfa e omega. Li anlè, atè, toupatou. Pouvwa li pa gen limit. Fò n chante, fò n bat bravo.
· Pawòl sa pa dwe kache. Li pa kap ret anba tab. Nou pa ka pran l pou kont nou. Nou dwe pataje l ak lòt. Pataje l.
XI. Granmèt men ofrann nou yo
Granmèt men ofrann nou yo. Nou vin remèt yo ak tout kè n. Nou rekonèt yo piti. Men resevwa yo.
1. Nou konnen si pou n manje. Fò nou redi, fò n travay. Se ou ki te ede nou, fini travay la. Men n pa vle parèt engra, nou vle pataje ak ou. Paske w toujou bon ak nou. Men pòsyon pa ou.
2. Labib di n te gen yon vèv, ki te g on ti kras farin, ansanm ak yon ti gout luil. Anvan li mouri. Men l te pataje ak Eli, Pwofèt Bondye k tap pase. Yon mirak te rive fèt. Li pat manke anyen.
3. Nou vin ofri w ti pen sa a, li se fwi travay nou yo. Nou vin mete l sou lotèl, fè l tounen kò ou. Se ou ki te mande nou, kontinye fè menm jès la, menm jan ou te opere. Jou gran soupe a.
4. Nou vin ofri w diven an, li se fwi travay nou yo. Nou vin mete l sou lotèl, fè l tounen san ou. Ou te di anverite, si nou pa manje kò ou, e si nou pa bwè san ou. Nou pap genyen lavi.
XII. M pa ka ret de bwa kwaze
Kòman w ta vle, pou m ret de bwa kwaze. Ap gade sa kap pase ? Fò m reflechi, epi fò mwen aji. Fò m met men, pou sa chanje. Non (3x), mwen pa janm dwe fè sa. Fò m travay, ak lòt frè m yo. Non (3x), chita gade pa bay. Fò m travay, pou sa chanje.
1) Lè m enfòme m de sa kap pase chak jou. Se lapenn, se rèl ka makorèl. Se konte kadav, se konte aksidan. Se kout ba kap manniganse. Mwen pa kapab ret endiferan. Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle ?
2) Lè m gade byen enstitisyon yo. Se divizyon ak lahèn kap kòmande. Twa ka fanmiy ki egziste fin kraze. Map mande kote sap rive? Mwen pa kapab ret endiferan. Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle ?
3) Lè m reflechi si pawòl Bondye pat la. Pou gide nou, pou ba nou direksyon. Si pat gen moun, ki te konn ale legliz. Ki te konn fè byen e kwape sak mal. Nou ta nan ka. Kafe n ta koule ak ma. Fò m fè byen e chase sak mal. Kòman ou ta vle ?
4) Gen anpil moun, menm lè yo se pa Bondye. Yo di san fè, e yo fè san di. Pawòl yo pa janmen laverite. Yo tout se manti e yo tout se blòf. Lè yo di w wi, se kòm si yo di w non. Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle ?
5) Nan sèvis piblik, toujou genyen plenyen. Nan tribinal, jistis vann pou lajan. Nan biwo yo, gen de pwa de mezi. E toupatou, moun fè moun desepsyon. Kote n prale ak vye abitid sa yo? Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle ?
6) Sou latè beni, gen anpil tèt chaje. Nou fin tounen lènmi anviwonnman. Dezas natirèl fin detrui peyi nou. Travay lèzòm fin kraze lanati. Nou transfòme lanati alanvè. Se pa konsa lakreyasyon kontinye. Kòman ou ta vle ?
XIII. C’est la noӫl
[C’est la noӫl,c’est la noӫl. Allons-nous adorer l’Enfant] (bis). Nous n’avons pas ni l’or ni l’encens ni la myrrhe, Mais nous pouvons lui offrir nos cœurs. Il est le divin Enfant qui nous vient du ciel. Adorons-Le en sincérité.
1) Tout le monde attendait l’Enfant. Qui allait apporter du salut. Chantons-le, admirons-le, célébrons-le tout le temps.
2) Quand (le) premier homme nous induit en erreur. Le Créateur nous promit un Sauveur. C’est bien Lui, le petit Jésus. Qui vient nous sauver du péché.
3) Avec Jésus qui vient de naître. Ciel et terre se réconcilient. Grâce à lui, nous sommes sauvés du péché originel.
4) Cet Enfant qui nous vient de naître. Est sans doute le plus grand des maîtres. Ecoutons-le, admirons-le et appliquons ses principes.
XIV.Mèsi Bondye
Mèsi (3x), pou tout sa ou fè pou mwen. Mèsi (2x), twa fwa mèsi, pou lavi ou banmwen an. Mèsi (3x), pou kò sa ou fè m kado a. Pou tout mèvèy ou yo, mèsi.
· Lè m gade kijan kò mwen konplike. Se vrèman yon chedèv ou kreye. Pou sèvo m, pou zòrèy mwen, je m ak kè mwen. Pou tout lòt pati nan kò a, fò mwen di w mèsi.
· Lè m wè jan lanati se yon bèl mèvèy. Kreyasyon an tèlman pafè, nou pa menm ka fin konprann li. Sa nou wè ak sa n pa wè, se gwo zafè. Pou tout bèl bagay sa yo, fò mwen di w mèsi.
· Pou tout moun ki met ansanm pou fè sèvis sa a. Yo te fè gwo sakrifis pou l te kapab bèl. Ou te bannou bon konprann ak lespri koperasyon. Pou tout moun ki fè deplasman, fò nou di w mèsi.
· Pou lavi m ou konsève, mwen dwe di w mèsi. Pou bon sante mape jwi. Mwen dwe di ou mèsi. Pou mirak ou fè pou m chak jou. Mwen dwe di ou mèsi. Pou tout frè ak sè k antoure m, fò mwen di ou mèsi.
XV. Papa nou ki nan syèl la
Papa nou, ki nan syèl la. Se pou yo respekte non ou. Se pou yo rekonèt ou wa. Se pou volonte ou fèt sou tè a. Tankou sa fèt nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a (bannou li jodi a). Padone sa nou fè ou (tankou nou padone). Ki moun pou nou padone ? (Moun ki fè nou kichòy). Pa kite nou pran nan pyèj (men delivre n ak sa ki mal).
Padrenuestro.
Padrenuestro, que estas en el cielo. Santificado sea tu nombre. Que venga tu reino. Hágase tu voluntad en la tierra como en el cielo.
Danos hoy nuestro pan de cada día. Perdona nuestras ofensas, como perdonamos. A quienes debemos perdonar? A los que nos ofenden. No nos dejes caer en la tentación, y líbranos del mal.
Our Father
Our Father, who art in Heaven, hallowed be thy name; thy kingdom come, thy will be done on earth as it is in heaven.
Give us this day our daily bread, and forgive us our trespasses as we forgive those who trespass against us, and lead us not into temptation, but deliver us from evil.
XVI. Kredo Bondye wi mwen kwè
Kredo Bondye wi mwen kwè. Mwen kwè nan tout pawòl ou yo. Kredo Bondye wi mwen kwè. Yo tout se verite.
1) Mwen kwè gen yon sèl Bondye. Li se Papa nou tout
Se li ki gen tout pouvwa, l kreye syèl la k tè a.// Li fè tout sa moun kap wè ak sa moun pa kap wè. Li pa genyen tankou Li. Wi wi mwen kwè nan Li.
2) Mwen kwè gen yon sèl Granmèt. Se Jezikri frè mwen. Li se sèl Pitit Bondye. Li se Pitit Papa a.// Li te la depi toutan. Li se Bondye nan Bondye. Li se limyè nan limyè. Se menm Bondye ak Papa a.
3) Se pa pouvwa Jezikri. Tout bagay te kreye. Li gen pou li retounen. Avèk tout pouvwa li.// Pou jije vivan ak mò. E l va Wa pou toutan. Toupatou sou latè a. Wi wi mwen kwè nan li.
4) Mwen kwè gen Lesprisen an. Lespri Papa a ak Pitit la. Y adore l ansanm ak Papa, ansanm ak Pitit la.// E li jwenn menm lwanj ak yo. Se li ki tap pale. Lè pwofèt yo tap pale. Wi wi mwen kwè nan Li.
5) Mwen kwè gen yon sèl Legliz. Ki fè yon sèl kòd fanmi. Li sen li la pou tout moun. Se sou apot yo l bati.// Mwen rekonèt gen yon sèl batèm. Pou padone peche. Map tann tout mò yo leve. Map tann lavi kap vini an.