Tab kontni rekèy powèm ak refleksyon
Tab kontni rekèy powèm ak refleksyon
Pran men ou:
O! Kòman!
Eske se konsa bagay yo dwe ye?
Nou di n ap mache ansanm, men nou pa fè menm wout!
M ap al anwo, w ap al anba.
Lè m vire adwat, ou vire agoch.
Lè m gade anlè, ou gade atè.
Lè m fè yon pa kita, ou fè yon pa nago.
Lè m sou bò ou, ou pa sou bò m.
Lè m sou kote ou, ou nan mitan.
Lè m [bò] isit, ou [bò] lòtbò.
Lè m devan, ou dèyè.
Lè m bò tab la, ou anba tab la.
Lè m wè solèy, ou wè zetwal.
Lè m wè li nwa, ou wè li blan.
N ap fè lago lago ti sangle.
Pase m pran m, m a pase chache ou.
Pase isit n a kontre lòtbò.
Ou ta di se lèt ak sitwon.
Ou ta di se disèl ak kalomèn.
Ou ta di se disèl ak zonbi.
Ou ta di se lajounen ak lannuit.
Ou ta di se djab ak lakwa …
Si n ap fè wout la ansanm.
Nou dwe gade nan menm direksyon. (Tercius Belfort)