Liste de 128 proverbes haïtiens (et leurs équivalents en français)
· Ak pasyans w a wè trip foumi. (Tout vient à point à qui sait attendre.)
· Byen pa janm pèdi. (Un bienfait n'est jamais perdu.)
· De mòn pa janm rankontre, men de moun konn rankontre. (Il n'y a que les montagnes qui ne se rencontrent jamais.)
· Depi de je poko fèmen, espwa pa pèdi. (Tant qu'il y a de la vie, il y a de l'espoir.)
· Ede tèt ou, Bondye va ede w. (Aide-toi et le ciel t'aidera.)
· Fè sa m di, pa fè sa m fè. (Fais ce que je dis, ne fais pas ce que je fais.)
· Jan chat mache se pa konsa l kenbe rat. (L'habit ne fait pas le moine; l'homme peut changer de comportement.)
· Kaka je pa linèt. (Tout ce qui brille n'est pas or.)
· Lè chat pa la, rat fè bal. (Quand le chat n'est pas là, les souris dansent.)
· Fò w ta wè pou ta kwè (Il faut le voir pour le croire.)
· Lè w sot pi wo ou pran pi gwo so. (Plus on tombe de haut, plus dure est la chute.)
· Mizè pa janm tonbe sou pyebwa. (Un malheur ne vient jamais seul/les riches continuent toujours à s'enrichir.)
· Mwen bwè pwa. (Donner sa langue au chat; ne peut pas répondre)
· Ou tande bèf alewè kòn. (Grands diseurs, petits faiseurs.)
· Pa fè m sa m pap fè w. (Ne fais aux autres ce que tu ne voudrais pas qu'ils te fassent.)
· Pa janm di m'a gen tan. (Ne remets jamais à demain ce que tu peux faire aujourd'hui.)
· Pa janm gen omlèt san kase ze. (On ne fait pas d'omelette sans casser des oeufs.)
· Pitit tig se tig ( Tel père, tel fils)
· Raje gen zòrèy. (Les murs ont des oreilles.)
· Ravèt pa janm gen rezon devan poul. (La raison du plus fort est toujours la meilleure.)
· Regleman jis pa gate zanmi. (Les bons comptes font les bons amis.)
· Sa k' pa la pèdi tou pa l. (Les absents ont toujours tort.)
· Sa pa vo lapèn. (Le jeu n'en vaut pas la chandelle.)
· Sa w' simen se sa w' rekòlte. (On récolte ce que l'on sème.)
· Sa l fè l fè. (Advienne que pourra.)
· Sa k lan vant kabrit se li k pal. (Un "Tiens" vaut mieux que deux "Tu l'auras".)
· Se papa k fè pitit. (Tel père, tel fils.)
· Timoun pa konn bay manti. (La vérité sort de la bouche des enfants.)
· Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt. (Le malheur des uns fait le bonheur des autres.)
· W a jwenn ak mèt ke w. (On trouve toujours chaussure à son pied.)
· Yon sèl dwèt pa manje kalalou. (L'union fait la force.)
· Anvi tout, pèdi tout. (Qui court deux lièvres à la fois ne prend ni l'un ni l'autre.)
· Bèl dan pa di zanmi pou sa. (Celui qui vous sourit n'est pas toujours un ami.)
· Lanmou pa konn dèyè pyese. (L'amour est aveugle.)
· Kaka poul pa ze. (Les apparences sont trompeuses.)
· Lajan pa gen lodè. (L'argent n'a pas d'odeur.)
· Lafimen pa leve san dife. (Il n’y a pas de fumée sans feu.)
· Abitid se vis. (L’habitude est une seconde nature.)
· Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse l bwè dlo. (On ne peut faire boire un âne qui n'a pas soif.)
· Achte chat nan sak. (Acheter chat en poche.)
· Ti rat pa janm fèt san ke. (Les chiens ne font pas des chats.)
· Chen (chyen) ki jape pa mòde. (Chien qui aboie ne mord pas.)
· Lè ti poul va gen dan. (Quand les poules auront des dents.; à jamais)
· Sak vid pa kanpe. (Ventre affamé n'a point d'oreille.)
· Twò prese pa fè jou louvri. (Trop de précipitation nuit.)
· Sèl (disèl) pa janm vante tèt li di jan l sale. (À bon vin point d'enseigne.)
· Lajan al kay lajan. (On ne prête qu'aux riches.)
· Yon sèl dwèt pa manje kalalou. (L'union fait la force).
· Kabrit anpil gadò (mèt) mouri nan solèy. (on souffre quand on a trop de maîtres)
· Bèl pawòl pa vle di verite pou sa. (Méfiez-vous des beaux discours.)
· Flèch palmis pa fizi. (L'apparence est trompeuse.)
· Depi tèt poko koupe, li gen espwa mete chapo. (Tant qu'il y a de la vie, il y a de l'espoir.)
· Byen mal pa vle di lanmò. (Tant qu'il y a de la vie, il y a de l'espoir.)
· Chen griyen dan l, men l pa ri pou sa. (Le rire est parfois trompeur.)
· Ki mele pis ak grangou chen. (Puce s'en fout de la faim du chien.)
· Gwo vant pa di lajan. (Il faut se méfier de l'apparence.)
· Men anpil chay pa lou. (L'union fait la force.)
· Jistis Bondye se kabwèt bèf. (Justice divine s'impose tôt ou tard.)
· Se rat kay k ap manje pay kay. (Un des nôtres est le coupable.)
· Bay piti pa chich. (Donner peu ne signifie pas qu'on est pingre.)
· Lènmi pa janm piti. (Il ne faut jamais sou-estimer un ennemi.)
· Padon pa geri maleng. (Demander pardon ne répare pas la faute.)
· Joumou pa donnen kalbas. (Tel père, tel fils.)
· Rayi chen, men pa di l fimen tabak. (Il ne faut pas accuser autrui de ce dont il n'est pas capable.)
· Lajan fè chen danse. (L'argent peut influencer les gens.)
· Lajan pa fè boul nan pòch malere. (Les poches du pauvre sont toujours vides.)
· De lajan paka goumen. (Abondance de biens ne nuit pas.)
· Dlo pa monte mòn. (Il y a des choses impossibles à réaliser.)
· Chanje mèt, chanje metye. (L'ouvrier travaille au goût du maître.)
· Degaje pa peche. (Être malin n'est pas un défaut.)
· De toro pa rete nan menm savann. (Le pouvoir ne se partage pas.)
· De kòk kalite pa rete nan menm baskou. (Le pouvoir ne se partage pas.)
· Atansyon pa kapon. (La prudence est mère de sûreté.)
· Rad pa janm fè moun. (L'habit ne fait pas le moine.)
· Pwason te fè dlo konfyans, men se dlo ki bouyi l. (Nul n'échappe à son destin.)
· Anvan chen manje zo, li mezire machwè l. (Toute ambition gagne à être mesurée.)
· Nan bay kout men, ou jwenn kout pye. (À vouloir rendre service, on s'attire des ennuis.)
· Lagè avèti pa touye kokobe. (Un homme ou une femme averti.e en vaut deux.)
· Bèf douvan bwè dlo klè. (Les premiers arrivés sont les mieux servis.)
· Ti pil ti pil fè chay. (Petit à petit, l'oiseau fait son nid.)
· Pale franse pa di lespri. (Savoir parler français ne veut pas dire être intelligent.)
· Konn li pa di lespri pou sa. (Être lettré ne signifie pas qu’on est intelligent pour autant.)
· Pwomès se dèt. (Parole donnée est sacrée.)
· Jodi pou ou, demen pou yon lòt. (À chacun son tour.)
· Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye. (À chacun son jour de chance.)
· Nan mal, nan mal nèt. (Advienne que pourra.)
· Bouche nen w pou bwè dlo santi. (Il faut se résigner à tout.)
· Lasante se pi gwo richès. (Il n'y a pas de richesse préférable à la santé.)
· Lajan kase wòch. (L'argent peut tout faire.)
· Se sen kòb ki fè goud. (Il faut être économe.)
· Bouch manje tout manje, men li pa pale tout pawòl. (Il faut savoir tenir sa langue.)
· Moun mouri pa pè santi. (Les morts n'ont pas de soucis.)
· Nan mitan avèg, bòy se wa. (Au royaume des aveugles, les borgnes sont rois.)
· Kalbas gran bouch pa kenbe dlo. (Les grands diseurs ne sont pas les grands faiseurs.)
· Sa je pa wè, kè pa tounen. (On ne souffre pas de ce qu'on ignore.)
· Mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de. (Les bonnes intentions ne suffisent pas.)
· Mezire avan w koupe. (Il faut réfléchir avant d'agir.)
· Doktè pa janm trete tèt li. (Médecin, guéris-toi toi-même/ Cordonnier mal chaussé.)
· Bourik toujou aji an bourik. (L’habitude est une seconde nature.)
· Mizè fè bourik kouri pase chwal. (Grâce aux difficultés, on se découvre des qualités insoupçonnées.)
· Apre dans, tanbou lou. (Il y a un temps pour chaque chose.)
· Avantaj kòk, se nan zepon l li ye. (Il faut savoir utiliser ses atouts.)
· Zafè kabrit pa zafè mouton. (On ne doit s'occuper que de ce qui nous regarde.)
· Chak kochon gen samdi pa l. (Nul n'échappe à son destin.)
· Jaden lwen gonbo di. (Loin des yeux, loin du cœur.)
· Se bon gou ki mete lang deyò. (L'appétit vient en mangeant.)
· Jwèt se jwèt, kòchèt pa la dan l. (Il y a des limites à tout.)
· Aksidan pa gen klaksonn. (Le malheur ne prévient pas avant d'arriver.)
· Manje tout, pa di tout. (Tout est bon à manger, tout n'est pas bon à dire.)
· Rayi chen, di dan l blan. (Il faut donner à César ce qui est à César.)
· Evite miyò pase mande padon. (Mieux vaut prévenir que guérir.)
· Dan pouri gen fòs sou bannann mi. (La raison du plus fort est toujours la meilleure.)
· Rat manje kann, zandolit mouri inosan. (Les innocents payent pour les coupables.)
· Se nan chemen jennen yo kenbe chwal malen. (C'est au pied du mur qu'on voit le maçon.)
· Dlo lacho blanch, men li pa lèt pou sa. (Il ne faut pas se fier aux apparences.)
· Sa ou fè, se li ou wè. (On récolte ce qu'on a semé.)
· Machann piman pa grate bouboun (Il faut faire attention)
· Bat dlo pou fè bè (on ne fait que travailler en vain)
· Pise gaye pa kimen (on ne progresse pas si on a beaucoup de responsabilités)
· Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat (l'homme peut changer de comportement)
· Kan nen pran kou, je kouri dlo (on souffre quand on est frappé par des problèmes)
· Bèf ki gen ke pa janbe dife (on doit faire attention aux represailles quand on des enfants)
· Sa ou plante, se li ou rekolte (on récolte ce qu'on a semé)
· Se siwo ki mennen frinmi lakay (ce sont les bonnes moeurs qui attirent plus les gens)
· Lajan fè chen danse (on peut tout résoudre avec de l'argent)
· Bay chen an, tann mèt li (attend le résultat de ce qu'on a fait aux autres)
· Pri pye ou, veye tonbe ou (attend le résultat de ce qu'on a fait aux autres)
· Sa je pa wè, kè pa tounen (on n'est pas affecté par ce qu'on ne voit pas)